KESYON MOUN POZE SOUVAN

Kisa Sèvis Edikasyon Siplemantè (SES) ye?

Dapre Lwa pou pa kite okenn timoun ret dèyè (NCLB), SES ofri èd akademik siplemantè nan lekti ak nan matematik pou elèv ki defavorize sou plan ekonomik nan lekòl ki kalifye yo.

Konbyen sa koute?

Pwogram lan GRATIS! Pou pitit ou kapab elijib pou leson patikilye gratis, li dwe patisipe nan lekòl Tit En nan dezyèm ane li nan amelyorasyon lekòl epitou li dwe kalifye pou repa midi gratis oswa repa midi pou pri ki ba.

Kilè ak ki kote yo ofri sèvis yo?

Nou ofri leson patikilye anvan lekòl, apre lekòl oswa jou samdi yo. Nou ofri sèvis entansif nan lekòl pitit ou avèk pwogram ansèyman ki baze sou rechèch ki idantifye ak asiste sitou bezwen akademik pitit ou.

Kimoun ki se pwofesè patikilye yo epi ki kalifikasyon yo genyen?

Tout pwofesè patikilye FELC se pwofesè distri ki genyen sètifikasyon leta epi ki genyen anpil kalifikasyon nan matyè debaz yo. Sa ap asire tou tout pwofesè patikilye gen dosye kriminèl yo pwòp.