Kouman pou Ede Pitit ou
Rete pozitif
Men timoun ki pi kapab ap debat – pou tout kalite rezon. Senpleman lè yo distrè pandan yon jou oswa lè yo malad, sa kapab lakòz yo genyen estrès ki nuizib pou aprantisaj yo pandan lontan. Nou ede elèv yo konprann – kèlkeswa pwoblèm yo genyen – yo kapab metrize pwoblèm lan avèk èd.
FELC Tutors ofri leson patikilye GRATIS nan lekòl pitit ou – epi yo kapab ede pitit ou si li senpleman anreta, ap debat avèk yon konsèp, oswa genyen difikilte akademik ki pi grav oswa difikilte pou aprann lekòl. Answit, nou kreye tou yon pwogram "anrichisman" pou elèv ki fè siksè akademik epi k ap chèche vin genyen plis aptitid.
Chèche èd nan lekòl la
Tankou ou konnen, anpil lekòl ap debat avèk resous ak tan. Ou kapab vrèman premye moun ki remake si pitit ou genyen pwoblèm oswa si li gen fristrasyon. Tank ou fè pitit ou pran leson patikilye pi bonè, tank nou kapab fè pitit ou retounen sou chemen pwogrè pou li santi li alèz. Lekòl pitit ou ap fè w konnen kouman pou enskri pitit ou. Sonje – pwogram sa a se yon pwogram gouvènman federal la finanse... epi li adispozisyon ou pou GRATIS si w kalifye pou li.
Siveye ak Ankouraje
FELC Tutors resevwa "A´s" onèt nan men administratè lekòl la epi yo gen siksè ki pwouve nan eksperyans pwofesyonèl yo. Alòske pousantaj pwogrè chak timoun ap diferan, l ap posib pou wè yon chanjman imedyat ak pozitif nan atitid yo ak nan bilten yo. Y ap fè yon bagay sou sa... epi se yon santiman satisfezan. Kontinye ankouraje yo, epi rezilta yo ap vini.
Pou jwenn plis enfòmasyon – oswa pou chèche konnen si genyen FELC Tutors nan lekòl pitit ou, kontakte nou.